Aprann kreye videyo pwofesyonèl epi devlope yon karyè nan mond dijital la

The Video Editor Empire Bundle

⭐⭐⭐⭐✭ 4.6/5 (549)

$149.99USD $69.99 USD

  • Aksè pou lavi

  • Pa gen frè abònman

  • Fòmasyon an 100% an kreyòl

  • Mizajou gratis pou tout tan

  • Ou ka aprann menm siw debitan

  • Videyo pre-anrejistre

Rejwenn 549+ kreyatè ki deja ap transfòme pasyon yo an metye. Yo pa achte pawòl. Yo achte skill.

Si ou toujou ap gade tutorial sou YouTube sou Adobe Premiere Pro oswa DaVinci Resolve, men ou santi ou toujou pa metrize yo, Academy a fèt pou ba w yon chemen ki pi klè.

Nou pa sèlman pale de montage videyo.

Ou pral aprann:

  • Adobe Premiere Pro — montage videyo

  • DaVinci Resolve — color grading & professional workflow

  • After Effects — motion graphics & visual effects

  • Photoshop — photo retouching

  • Lighting — kijan pou setup limyè pou filme pi byen

  • Videography — kijan pou kreye pi bon footage

  • Fiverr & Freelancing — kijan pou kòmanse ofri sèvis ou sou entènèt

epi kòmanse bati yon lòt sous revni sou kote.

Paske lè ou gen yon bagay ou konn fè, ou gen plis pase yon sèl opsyon.

  • $129.99

🎬 MASTERCLASS: DAVINCI RESOLVE

  • Course
  • 49 Lessons
  • Includes 1 private space

Nan kou sa w ap aprann: ✅ Koman pou w fè montaj pwofesyonèl sou DaVinci Resolve ✅ Kijan pou w balanse limyè, ton po, ak ekspoze videyo w ✅ Sekrè color grading sinematik (Teal & Orange Look, LUTs, Curves, Nodes) ✅ Koman pou w ekspòte videyo w ak pi bon kalite ✅ Kreye “workflow” sinematik tankou pwofesyonèl yo

Includes 1 private space

  • ⁠🎬 MASTERCLASS: DAVINCI RESOLVE

Aprann Fè Videyo Cinematic nan 14 Jou, Menm Si w Pa Gen Ekipman Chè.

Mwen montre w teknik mwen itilize pou m transfòme nenpòt videyo amatè an chef-d'œuvre vizyèl.

⁠Plizyè dizèn kreyatè deja kòmanse amelyore konpetans yo avèk Media Vision Academy

Siksè elèv nou yo se pi gwo fyète nou. Nan Media Vision Academy, nou pa sèlman bay teyori, nou bay rezilta pratik. Pwochèn siksè a, se ka ou!

VIN YON DIREKTÈ IMAJ

Pa sèlman aprann monte videyo, aprann kreye yo ak nanm. Soti nan konprann kamera ou rive nan teknik ekleraj ki pi avanse.

Sispann fè videyo ki parèt "amatè".

Anpil moun panse se yon gwo kamera ki fè yon bèl videyo. Men verite a se paske yo pa metrize koulè. Gade jan imaj sa a parèt "flat" epi san lavi paske li manke bon koreksyon.

Bay videyo w yo yon "Look" Sinema.

Avèk teknik DaVinci Resolve mwen pral moutre w yo, menm imaj ki te parèt lèd la ap pran yon kalite pwofesyonèl. Se sekrè sa a gwo kreyatè yo itilize pou rale plis moun gade travay yo.

Kiyès mwen ye?

Mwen se Stevenson Timothee (Spyno), fondatè Media Vision Academy. Avèk plis pase 10 ane eksperyans nan mond pwodiksyon videyo a, mwen deside pataje tout sekrè mwen aprann ak kominote a. Misyon mwen se pèmèt chak kreyatè ayisyen rive nan yon nivo pwofesyonèl san yo pa bezwen depanse yon fòtin nan gwo lekòl.

Repons ak Kesyon

​Kesyon Moun Poze Souvan (FAQ)

Tout sa w dwe konnen anvan w kòmanse

1. ⁠Kòman m ap jwenn aksè ak fòmasyon an apre m fin peye?

Depi peman an konfime, w ap resevwa yon imèl otomatik ak lyen pou w kreye modpas ou epi antre nan platfòm la imedyatman. Aksè a disponib 24/7 sou nenpòt aparèy.

⁠2. Èske fòmasyon sa a fèt pou débutan sèlman?

Non, li kòmanse nan baz pou moun ki pa konn anyen, e li rive nan nivo avanse tou ak teknik workflow pwofesyonèl. Menm si w te deja konn edit, w ap aprann sekrè pou w travay pi vit.

3.⁠ ⁠Ki vèsyon lojisyèl m bezwen pou m suiv kou a?

Fòmasyon an fèt sou vèsyon resan Adobe Premiere Pro, DaVinci Resolve, After Effects ak Photoshop. Men, menm si w gen yon vèsyon ki pi ansyen, pifò teknik yo ap mache menm jan an.

4.⁠ ⁠Ki politik nou sou ranbousman?

Piske fòmasyon sa a bay aksè imedyat ak tout kontni an ak resous telechajab (LUTs, Transitions, Raw Footage), tout vant yo se vant final. Nou pa bay ranbousman apre aksè a fin debloke pou evite abiz sou pwopriyete entelektyèl nou.

5.⁠ ⁠Èske m ap resevwa yon sètifika?

Wi, yon fwa ou fin suiv 100% nan leson yo, platfòm nan ap jenere yon sètifika konplesyon nan non ou pou w ka montre konpetans ou.

6. Èske m ka swiv fòmasyon an si m gen yon anplwa ki pran tout tan m?

Wi. Fòmasyon an bati ak yon estrikti "On-Demand". Sa vle di ou ka suiv li nan moman ki pi pratik pou ou: aswè, nan wikenn, oswa pandan poz ou. Ou gen libète pou w pwogrese selon pwòp vitès pa w san okenn presyon.

7. Ki kalite sipò nou ofri si w gen difikilte?

Ou gen aksè dirèk ak enstriktè a via WhatsApp pou poze nenpòt kesyon pandan w ap aprann nan.

8. ​Konbyen tan m ap gen aksè ak kou a?

Ou gen yon aksè pou lavi (Lifetime Access). Ou ka gade videyo yo nenpòt lè epi tan de fwa ou vle.