Pa sèlman aprann pou kont ou.
Apre ou fin suiv fòmasyon an, ou jwenn 4 Private Zoom Sessions pou poze kesyon, revize workflow ou epi jwenn direksyon pèsonèl sou pwojè ou.
Ou menm tou, ou ka jwenn menm kalite akonpayman sa a lè w enskri nan DaVinci Resolve Masterclass la.
Aprann DaVinci Resolve epi jwenn akonpayman pèsonèl pou metrize workflow ou.
⭐⭐⭐⭐✭ 4.6/5 (549)
$197USD $129.99 USD
Aksè pou lavi
Pa gen frè abònman
Fòmasyon an 100% an kreyòl
Mizajou gratis pou tout tan
Ou ka aprann menm siw debitan
Videyo pre-anrejistre
4 Private Zoom Session
Rejwenn 549+ kreyatè ki deja ap transfòme pasyon yo an metye. Yo pa achte pawòl. Yo achte skill.
OBJECTIF LESON SA
Nan fen leson sa a, ou pral kapab aplike menm color grade la sou plizyè klip nan kèk segond, san ou pa bezwen repete menm travay la sou chak klip.
Nou pral itilize yon teknik pwofesyonèl ki rele Grab Still, yon metòd anpil colorist itilize chak jou pou kenbe menm aparans vizyèl la sou tout yon pwojè.
🎯 OBJECTIF LESON SA
Nan fen leson sa a, ou pral kapab itilize Shared Nodes pou pataje menm color grade la ant plizyè klip.
Ou pral konprann tou poukisa Shared Nodes se youn nan zouti ki pi enpòtan pou travay sou gwo pwojè epi kijan li ede w ekonomize anpil tan.
🎯 OBJECTIF LESON SA
Nan fen leson sa a, ou pral kapab:
Konprann sa yon PowerGrade ye.
Kreye epi sove pwòp PowerGrade pa w.
Reyitilize li sou nenpòt pwojè.
Akselere workflow color grading ou pandan w ap kenbe yon rezilta ki konsistan.
🎯 OBJECTIF LESON SA
Nan fen leson sa a, ou pral kapab:
• Konprann kilè pou ekspòte yon LUT.
• Ekspòte pwòp LUT pa w nan DaVinci Resolve.
• Sove LUT la pou itilize sou lòt pwojè oswa lòt lojisyèl.
• Konprann limit yon LUT pou evite move rezilta.
Mwen se Stevenson Timothee (Spyno), fondatè Media Vision Academy. Avèk plis pase 10 ane eksperyans nan mond pwodiksyon videyo a, mwen deside pataje tout sekrè mwen aprann ak kominote a. Misyon mwen se pèmèt chak kreyatè ayisyen rive nan yon nivo pwofesyonèl san yo pa bezwen depanse yon fòtin nan gwo lekòl.
Repons ak Kesyon
Tout sa ou dwe konnen avan ou komanse Masterclass la.
Fòmasyon sa a fèt pou tout kreyatè kontni, editè videyo, ak pasyone sinema ki vle metrize DaVinci Resolve depi nan baz rive nan nivo pwofesyonèl. Li ideyal pou moun ki vle bay travay yo yon kalite vizyèl siperyè san yo pa bezwen pase plizyè lane ap etidye poukont yo.
Nou itilize lojisyèl DaVinci Resolve. Ou ka kòmanse ak vèsyon gratis la ki disponib sou sit ofisyèl Blackmagic Design lan. Pandan fòmasyon an, mwen montre w kijan pou w maksimize kapasite vèsyon gratis la pou w fè travay ki nivo sinema.
Imedyatman apre peman ou an fin valide, ou pral resevwa yon imèl otomatik ki genyen lyen pou w kreye kont ou sou platfòm nou an. Depi w fin konekte, tout modil videyo yo ap disponib pou ou. Ou gen yon aksè illimité epi pou lavi (Lifetime Access).
Wi. Fòmasyon an bati ak yon estrikti "On-Demand". Sa vle di ou ka suiv li nan moman ki pi pratik pou ou: aswè, nan wikenn, oswa pandan poz ou. Ou gen libète pou w pwogrese selon pwòp vitès pa w san okenn presyon.
Wi. Nou kòmanse ak baz yo pou n moutre w kijan lojisyèl an fonksyone anvan nou antre nan teknik avanse yo.
Ou gen aksè dirèk ak enstriktè a via WhatsApp pou poze nenpòt kesyon pandan w ap aprann nan.
Ou gen yon aksè pou lavi (Lifetime Access). Ou ka gade videyo yo nenpòt lè epi jan de fwa ou vle.