Dekouvri pou mwen yo

Kreyatè Media Vision Academy — kote pasyon vin pwofesyon.

Mwen se yon videyograf ak editè pwofesyonèl ki gen plizyè ane eksperyans nan domèn pwodiksyon videyo, montaj, ak color grading.

Atravè Media Vision Academy, misyon mwen se ede jèn kreyatif aprann fè videyo pwofesyonèl menm ak telefòn yo, metrize Adobe Premiere Pro, DaVinci Resolve, ak Photoshop, pou yo ka kòmanse pwòp chemen yo nan mond kreyatif la.

Men Kijan Mwen Ede W Fè Pasyon W Tounen Pwofesyon

Mwen kwè chak moun gen yon kreyativite kap dòmi andedan yo. Avèk bon teknik ak bon zouti, ou ka transfòme pasyon ou an yon metye ki pote fyète, libète, ak opòtinite.

KALIFIKASYON

Mwen se yon videyograf ak edité pwofesyonèl ki gen plizyè ane eksperyans nan domèn montaj videyo, color grading.

Mwen metrize zouti tankou Adobe Premiere Pro, DaVinci Resolve, ak Photoshop pou kreye videyo ki gen look sinematik ak pwofesyonèl, menm jan ak sa w wè nan fim Hollywood yo.

ATELYE FÒMASYON

Nan atelye Media Vision Academy yo, wap aprann etap pa etap kijan pou w kreye videyo ki atire, ki gen bon limyè, bon konpozisyon, ak bon kalite.

Chak leson fèt ak egzanp reyèl pou ede w konprann ak metrize teknik pwofesyonèl yo pi vit.

PWÒJÈ KREYATIF

Nan seksyon sa a, mwen pataje pwojè reyèl mwen fè — ansanm ak analiz teknik sou kijan videyo yo fèt depi nan lide jiska rezilta final la.

Se yon fason pou w jwenn enspirasyon ak nouvo konesans pandan w ap devlope pwòp stil ak vizyon ou nan kreyasyon videyo.

Coaching

Mwen ofri sesyon mentò pèsonèl pou moun ki vle aprann fè videyo pwofesyonèl, bati imaj pèsonèl yo, oswa lanse pwòp pwojè vizyèl yo.

Tout sesyon fèt selon nivo w ak objektif ou, pou w ka grandi ak pwogrè nan pwòp ritm pa w.

Gen kesyon? Nou gen tout respons yo.

1 . ⁠Ki sa fòmasyon sa ap anseye m egzakteman?

Fòmasyon an montre w kijan pou w fè videyo pwofesyonèl menm ak telefòn ou, fè montaj sou Adobe Premiere Pro, color grading sou DaVinci Resolve, ak retouch foto sou Photoshop.

2 .⁠ ⁠Eske fòmasyon an fèt pou moun ki pa gen eksperyans ditou?

Wi! Li fèt espesyalman pou debutan. Ou pa bezwen konn itilize okenn lojisyèl davans — tout bagay eksplike etap pa etap.

3 .⁠ ⁠Kijan m ap ka gade leson yo apre m achte fòmasyon an?

Tout leson disponib sou platfòm la menm (Media Vision Academy). Ou kapab gade yo nenpòt lè sou telefòn, tablèt, oswa òdinatè.

4 .⁠ ⁠Eske m ap resevwa sètifika apre fòmasyon an?

Wi. Lè w fin konplete tout leson yo, ou pral resevwa yon sètifika dijital ki konfime patisipasyon ou.

5. ⁠ ⁠Eske m ka poze kesyon pandan m ap aprann?

Absoliman! Ou ka kontakte m dirèkteman nan seksyon komantè oswa imel sipò pou jwenn èd rapid.

6.⁠ ⁠Kisa m bezwen pou kòmanse fòmasyon an?

Ou sèlman bezwen yon telefòn oswa òdinatè, koneksyon entènèt, ak volonte pou aprann.

7 .⁠ ⁠Èske fòmasyon an gen yon delè oswa limit tan?

Non. Apre ou fin achte li, ou gen akè pou lavi. Ou ka retounen gade videyo yo nenpòt lè.